Samdi 7 fevriye 2026 la make yon moman kle nan listwa resan Ayiti, ak fen manda nèf manm Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an, nan yon seremoni ofisyèl ki selebre nan Villa d’Accueil, kote Premye minis Alix Didier-Fils-Aimé vin rete sèl responsab nan tèt Leta a, sou fondal yon bilan tranzisyon anpil obsèvatè konsidere kòm katastwofik, pandan peyi a ap tann yon nouvo direksyon pou sòti nan kriz politik, ekonomik, sekirite ak imanitè a.
Seremoni 7 fevriye a pa t senpleman yon aktivite pwotokòlè. Li te plis sanble ak yon rityèl fèmen yon chapit douloure nan lavi nasyonal la. Prezans manm gouvènman an, otorite Lapolis ak Lame, ansanm ak kò diplomatik la, te bay evènman an yon dimansyon solanèl, men tou lou de siyifikasyon. Avèk depa Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an, aprè 22 mwa egzistans, Ayiti ap antre nan yon faz kote tout responsabilite pouvwa egzekitif la chita sou zepòl yon sèl moun : Premye minis Alix Didier-Fils-Aimé.
Pou anpil sektè nan sosyete a, KPT a kite dèyè li plis kestyon pase repons. Tranzisyon an pa rive reyalize misyon fondamantal li yo : retabli sekirite, relanse ekonomi an, prepare eleksyon kredib, ni retabli konfyans popilasyon an. Okontrè, ensekirite a vin pi grav, enstitisyon yo vin pi fèb, lavi sosyal ak ekonomik la vin pi paralize. Nan sans sa a, mo « bilan katastwofik » la pa parèt egzajere nan bouch anpil analis politik ak aktè sosyete sivil la.
Kounye a, kestyon santral la se pa sèlman kiyès ki sou pouvwa a, men ki direksyon peyi a pral pran. Konsèy minis ekstraòdinè Premye minis lan anonse pou aprèmidi a, ansanm ak diskou li prevwa adrese ak nasyon an aswè a, kreye yon gwo atant. Ayiti bezwen plis pase diskou : li bezwen yon vizyon klè, yon plan ijans, ak desizyon kouraj.
Nan kontèks aktyèl la, gen kèk gwo liy estratejik ki parèt inevitab si peyi a vle kòmanse sòti nan kriz la. Premyeman, kestyon sekirite a dwe vin priyorite absoli. San reprann kontwòl teritwa a, san kraze lyen ant politik ak gwoup ame, pa gen okenn eleksyon serye ni okenn rekiperasyon ekonomik posib. Sa mande refòm pwofon nan Lapolis, yon wòl klè pou Lame a, epi yon kad transparan pou asistans entènasyonal la.
Dezyèmman, tranzisyon sa a dwe klèman limite nan tan ak nan objektif. Pèp ayisyen an fatige ak tranzisyon san fen. Yon kalandriye elektoral reyalis, piblik ak angajan dwe anonse rapidman, ak garanti minimòm sou transparans, enklizyon ak kredibilite pwosesis la.
Twazyèmman, gen ijans pou relanse ekonomi an sou baz minimòm : sipò pou ti antreprenè yo, estabilizasyon pri pwodwi premye nesesite yo, fonksyònman sèvis piblik esansyèl yo. San yon soulajman ekonomik, kriz sosyal la ap kontinye alimante ensekirite ak migrasyon fòse.
Finalman, rekonstriksyon konfyans lan dwe pase pa dyalòg. Yon dyalòg pa senbolik, men estriktire, ki enplike fòs viv peyi a : legliz, sendika, sektè prive, jèn, fanm, dyaspora. Leta pa ka kontinye gouvène kont sosyete a.
7 fevriye 2026 pa dwe vin yon senp dat anplis nan kalandriye kriz ayisyen an. Li kapab swa make yon lòt echèk istorik, swa pwen depa yon chwa kouraj pou refonde Leta a. Responsablite a lou, e listwa ap jije pa sou pwomès yo, men sou aksyon yo.








































Laisser un commentaire