Mika tap gen 44 lane 27 jen sa a. Yon dat ki pote chay emosyon, son, lanmou ak memwa. Fanmi, zanmi ak fanatik envite pou selebre lavi li, mizik li, ak tout sa li te reprezante.



PORT-AU-PRINCE — Michael Benjamin, ke tout moun te rele Mikaben, tap selebre 44yèm anivèsè li 27 jen 2025, si lanmò pa t’ rale li twò vit sou sèn lan nan 2022. Pou make dat sa a, fanmi li lanse yon apèl senpatik ak sensè : Ann sonje Mika. Se pa sèlman mizik li ki vivan, men tou lespri li ki kontinye limen kè plizyè jenerasyon.

Pami mesaj yo mete sou rezo sosyo, yo envite tout moun pou pataje yon foto, yon videyo, oswa yon bèl souvni yo te genyen ak li. Yon koleksyon kè ak imaj pou montre jan legasi Mika ap viv, pa sèlman nan memwa, men nan chak bat mizik, chak souri ak chak aksyon lanmou li te simen.

Envitasyon sa a ouvè sou Instagram, Facebook, WhatsApp (+509 3106 6526) oswa pa email: legacy@mikaben.com. Nan silans ak melodi, nou sonje li. Mika pa mouri, li tounen mizik.