Yon moman istorik pou sid peyi a : premye vòl entènasyonal sòti nan èpòt Antoine Simon nan Okay fèt jodi a j'en 2025 pa konpayi ayeryen IBC Airways depi Miami Floride, makonnen ak espwa devlopman ekonomik ak koneksyon rejyonal
OKAY — Jounen 12 jen 2025 make yon dat istorik pou tout Grandans ak sid peyi d Ayiti, kote èpòt Antoine Simon resevwa premye tès vòl entènasyonal li. Se premye fwa sa rive depi fin inogirasyon modènizasyon enfrastrikti a 6 mas 2025, lè ansyen Kòdonatè KPT a, Leslie Voltaire, te lanse vizyon sa.
Vòl jodi a pa sèlman ouvè baryè lè pou vil Okay, li ouvè pòt pou plis opòtinite touris, komès, ak mobilite sitwayen yo nan rejyon an. Otorite lokal ak nasyonal yo, ansanm ak responsab avyasyon sivil, te sou plas pou asiste moman sa ki make yon chanjman estratejik nan konektivite peyi a.


































Laisser un commentaire