Vandredi 30 me 2025, Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA) te mete lang kreyòl la sou premye plan pandan yon jounen kozri ki te fèt nan Lise Benoît Batraville ak Kolèj Methodiste des Frères. Akademisyen yo te envite elèv yo reflechi sou valè kreyòl kòm zouti konesans, kilti ak idantite. Yon jès kiltirèl ak pedagojik ki mete lang lan sou tèt tab la.



Se pa premye fwa, men chak fwa gen gou pa li. Vandredi sa a, Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA), enstitisyon nasyonal ki gen misyon pou defann, devlope epi valorize lang kreyòl ayisyen an, te reponn apèl edikasyon ak konsyans lang nan de gwo sant edikatif nan Petyonvil : Lise Benoît Batraville ak Kolèj Methodiste des Frères.

Pandan jounen kozri sa a, elèv yo te gen opòtinite rankontre ak plizyè figi enpòtan nan domèn lengwistik, literati ak rechèch sou lang kreyòl la. Nan Lise Benoît Batraville, konferans lan te anime pa Akademisyen Jean Pauris Jean-Baptiste, Akademisyen Christophe Philippe Charles ak powèt Iléus Papillon, ki chak te mete aksan sou istwa lang lan, wòl li nan transmisyon konesans, epi nesesite pou jèn yo anbrase li ak fyète.

Nan Kolèj Methodiste des Frères, se te Akademisyen Rodny Laurent ak Akademisyen Gregory Calixte ki te pote flanm refleksyon an. Yo te envite elèv yo chache konprann mekanis fonksyònman lang kreyòl la epi panse sou li kòm lang rechèch, lang syans, lang lespwa.

“Lang se pa sèlman mwayen pou pale — li se sa ki fè nou sa nou ye,” te di Iléus Papillon. “Kreyòl la se pòtay memwa nou, valè nou, ak demen nou.”

Men inisyativ Akademi Kreyòl Ayisyen pa t rete nan diskou. AKA te pwofite distribiye Dezyèm Rezolisyon sou òtograf lang kreyòl la, ansanm ak yon pakèt liv ki ekri sou ak an kreyòl. Gwo jès sa a te fèt pou ranfòse bibliyotèk lekòl yo epi mete elèv yo an kontak dirèk ak refleksyon kontemporèn sou lang lan. AKA te bay mayo tou kòm senbòl patisipasyon ak rekonesans.

Depi fondasyon li an 2014, Akademi an ap mennen batay pou chanje fason sosyete a gade kreyòl la. Yon lang ki souvan devalorize pa sistèm edikatif la, men ki se sèl lang tout Ayisyen metrize. Objektif kozri sa yo se fè jenerasyon kap vini yo konprann ke kreyòl se pa lang "dezyèm klas", men lang lavi, lang lespwi, lang limanite.

“Jodi a, nou se temwen evolisyon lang kreyòl la. Se lang lespwa. Men pou li grandi, li bezwen pye, li bezwen tèt, li bezwen timoun ki pale li, ki ekri li, ki panse li,” te mete aksan Akademisyen Christophe Philippe Charles.

Repons elèv ak administrasyon lekòl yo pa te fè tann. Yo te eksprime rekonesans yo e yo ouvè pou kolaborasyon alavni ak Akademi Kreyòl Ayisyen. Plizyè pwofesè te mete aksan sou nesesite pou plis zouti didaktik sou lang kreyòl la — e AKA parèt kòm alye estratejik pou misyon sa a.